Kote Ou Ye

Depi’n n’te tou piti
Nou te de bon zanmi
Yon jou ou leve’w pati
Ou kite’m ap soufri
Soley pa jan’m leve
La lin sispan’n klere
Se la pli kap tombe
Ti ke’m kap dechire.
Tout cheche mwen cheche
Pou kon’n kote ou ye
Anyen pa jan’m mache
Men m’pa jan’m dekouraje
La vi se konsa li ye
Yon kou anme yon kou sikre
Bon die te fe’n pou’n viv a de
Yon jou kan mem na va kontre.

Claude Marcelin

This entry was posted on Saturday, August 29th, 2009 at 12:24 pm and is filed under Album-Moso Lanmou. You can follow any responses to this entry through the RSS 2.0 feed. You can leave a response, or trackback from your own site.

Leave a Reply

You must be logged in to post a comment.