Moso Lanmou
M’bay gras a die
Li ki ban’m de zie
Pou’m kontaple’w
Pou’m admire’w
A la bel ou bel
Pase dees lakansyel.
M’remesye leternel
M’lwe tout zanj lan syel
Ki krey’w ak de men
Met destine’n sou men’m chimen
A la bel ou bel
Bel dees ou bel
Pase la lin lan syel.
Ou se yon fan’m tandres
Ou se yon fan’m kares
Tout kote’w pile
Lanmou pouse
Ke’w se douse
Ko’w se chale
Ou se yon fan’m total
La femme ideale
Dominique Lauture

