Rev Mwen
Chak swa m’domi
Mwen toujou reve’w
Jounen an fini
San’m pa jan’m bliye’w.
Tout sa’m fe
Pou’m esseye kenbe’w
Rive we si’m ta met chen’n nan pie’w.
Manvi domi kote’w
Mwen kapab bay tout sa ke mwen genyen
Pou mwen santi’w pou mwen.
Eske’w konnen le’w souri banmwen
Mwen santi tout kloch lan ke’m sonnen.
Ou se sel fan’m ki fe mwen vibre
Sel melodi ki fe la vi’m chante
Mwen vle pou vle’m doudou
Manvi w’anvi’m cheri
Mwen kapab bay tou sa ke mwen genyen
Pou mwen santi’w pou mwen.
Claude Marcelin

