Talya

Talya se premye pitit bondye ban mwen
Talya se pi gro kado, pou on papa
Chak fwa m’we ou, m’anvi viv
Jodia m’pran on leson, mwen kon sa ki bon

Je viens d’avoir une fille, Je suis papa
Une nouvelle vie a commence, c’est toujours comme ca
Je viens d’avoir une fille, laisse moi la sere dans mes bras
Je l’adore

La nuit mon Coeur ne cesse pas de batter
La.la.la
Je me reveille a chaque instant pour verifier si elle respire
Oh ma petite Talya

C’est mon droit de la proteger, je suis un pere responsible
Ah oui
Oui c’est mon droit de la protege, je l’adore

Chak fwa m’we ou, m’anvi viv
Mwen tounen on kapon
Ki pe mouri paske m’pran gou la vi
Chak fwa m’we ou, m’anvi viv
Jodia m’pran on leson, mwen kon sa ki bon

Mwen pa konpran pou yon papa pa okipe pitit li
Si li gen moyen, li se on assasen
Jodia m’konprann pouki yon papa ap kase tet li pou pitit li pa soufri

Gen manman ki jete pitit
Di’m sa sa ye
Se peche
Gen manman ki sakrifye pitit,
Papa ki maltrete pitit
Di’m sa sa ye
Se peche

Mwen pa konpran pou yon papa pa okipe pitit li
Jodia m’konprann pouki yon papa ap kase tet li pou pitit li pa soufri
Bourik fe pitit se pou do’l repose

Jodia mwen la, demen mwen ka pa la
Mwen gen le pwal fe on dezyem
Ah oui, ou te met kwem
Mwen le m’pa gen nan men’m
Men’m le yo vle detounen’m
Jan’l pase, l’pase m’ap fe’l kan menm

Menm le la vi a che
Menm le peyi’m nan mize
Jan’l pase, l’pase m’ap fe’l kan menm

Jodi a mwen la, demen mwen ka pa la
Mwen gen le pwal fe onn dezyem
Ah oui, ou te met kwem

Gen manman ki jwete pitit
Di’m sa sa ye
Se peche
Gan manman ki sakrifye pitit, papa ki maltrete pitit
Di’m sa sa ye
Se peche

Djakout Mizik

This entry was posted on Saturday, August 29th, 2009 at 12:12 pm and is filed under Album-Jistis. You can follow any responses to this entry through the RSS 2.0 feed. You can leave a response, or trackback from your own site.

Leave a Reply

You must be logged in to post a comment.